Ki Sa Konbit ye? What is “Konbit”?

Article by Ayannah Obas

Article in Haitian Creole. See below for Spanish and English versions.

Ki Sa Konbit ye? What is “Konbit”?

Konbit reprezante yon kolektif kominotè ki entegre nan sosyete ayisyen an e ki fòme ak sitwayen ayisyen yo menm. Nan lang Kreyòl Ayisyen, konbit vle di “travay ansanm” oswa “koperasyon”. Kolektif sa yo fòme nan divès sikonstans epi yo sèvi divès bi ki esansyèl pou sipòte mwayen pou Ayisyen viv. Pa egzanp, yo ka itilize konbit pou fasilite restorasyon apre dezas natirèl, sèvi kòm enstitisyon finansye endepandan, oswa jan yo pi konnen l la, pou devlope sosyete agrikòl la. Atravè konbit, Ayisyen efikasman konbine efò endividyèl yo pou travay pou atenn epi reyalize avèk siksè yon objektif komen.

Pratik konbit la soti nan Afrik de Lwès, kote anpil Ayisyen gen rasin zansèt yo. Nan Afrik de Lwès, pifò moun te viv nan agrikilti tè a. Sepandan, akoz gwosè tè a, agrikilti te pran anpil tan, resous, ak enèji.

Souvan, travay yon sèl fanmi pa t ase pou fè tout travay ki nesesè pou kiltive tè a. Kòm rezilta, sosyete afriken yo te reponn ak pwoblèm sa a nan mete sou pye fòm travay an kooperativ. Sistèm kominotè sa yo non sèlman te bay yon asistans enpòtan, men tou yo te montre yon sans solidarite ak sipò mityèl ki te sèvi kòm fondasyon pou pratik esklavaj ak pi lwen pase sa. Sa a pratik sa a te transfere nan Karayib la kòm rezilta Komès Esklav Transatlantik la. Afriken de Lwès te pote avèk yo koutim travay an kominote yo ki te vin tounen yon eleman santral nan mwayen pou moun Karayib yo viv, sitou an Ayiti. Kolektif sa yo souvan pa t sèlman enplike moun yo menm, men tou mizik, ritm ak bwason pou ankouraje kolaborasyon. Apre fen esklavaj nan Karayib la, anpil moun Karayib te vin tounen kiltivatè tèt yo. Avèk tranzisyon travay sa a, pratik konbit la te devlope, li te vin tounen yon eleman entegral nan estrikti sosyete ayisyen an ak baz efò mobilizasyon yo.

Menm jan ak rasin li, konbit egziste sitou nan sosyete agrikòl Ayiti a, kote kiltivatè yo mande efò konbine lòt moun pou kiltive tè yo. Ayiti ap fè fas ak degradasyon tè kòm rezilta eksplwatasyon ekonomik resous natirèl pa òganizasyon etranje. Sa reprezante yon pwoblèm kritik paske tè a se yon resous natirèl ki gen anpil valè nan Ayiti, sitou pou moun pòv nan zòn riral yo. Degradasyon tè a menase pwodiksyon rekòt epi finalman mete an danje pratik agrikòl fondamantal yo. Kòm repons, Ayisyen fòme konbit ki gen plizyè pwopriyetè ki travay pou okipe tè chak manm gwoup la. Chak kiltivatè mobilize tèt yo pou pwodui rekòt ak fè travay ki mande anpil fòs. Pratik sa a pèmèt yo dezèb epi rekòlte rekòt yo avèk efikasite san yo pa oblije fè depans anplis pou anboche travayè. Nan sans sa a, konbit rete yon eleman esansyèl nan agrikilti ayisyen an epi se yon pratik estanda nan peyi Dayiti.

Jodi a, tradisyon konbit yo evolye, yo vin tounen yon zouti enpòtan pou efò mobilizasyon ak mouvman modèn yo. Enstitisyon tankou “Gwoup Konbit” ak “Roots of Development” itilize pratik konbit la pou defann enterè Ayisyen yo, epi pou ankouraje devlopman kominotè. “Gwoup Konbit” li menm sèvi pou mobilize manm kominote yo ak lidè mondyal yo pou etabli espas kote resous ak opòtinite ki gen anpil valè ka pataje pou fasilite chanjman sosyal. Òganizasyon an fyè non sèlman paske li prezève tradisyon konbit yo, men tou paske li itilize li pwopriyete kolaboratif li yo pou sèvi mond lan. Avèk leson ki soti nan konbit, òganizasyon an te devlope yon gid ki ilistre konbit kòm yon tradisyon ayisyen pou aksyon kolektif ak mobilizasyon. Pandan konbit la ap reviv nan yon kapasite ki depase objektif inisyal li ki te travay agrikòl, li kontinye egziste jodi a pou mete aksan sou enpak kolaborasyon, pou mande manm kominote yo pou yo aji yon fason desizif, epi pou plis fè tande vwa moun ki pa t janm gen vwa yo.

Jan nou te wè sa, Konbit se yon koutim fondamantal ki sèvi pou ranfòse epi founi Ayiti ak efò koperativ. Avèk rasin li nan Afrik de Lwès, konbit evolye pou l vin tounen yon pati entegral nan travay ak sosyete ayisyen an. Atravè pratik sa a, Ayisyen kontinye montre yon gwo kapasite rezistans – yon eleman santral pou reziste anba efondreman gouvènman an. Konbit la ale pi lwen pase reyalize objektif sèlman pou sipòte travay agrikòl; li egziste tou nan sekou pou dezas natirèl e menm nan enstitisyon finansye k ap bay sipò. Apwòch sa a revele kapasite. Pèp Ayisyen an kapab mobilize epi devlope solisyon poukont yo – sa sèvi kòm pwen depa kle pou rebati leta ki te efondre a.

¿Qué es el «Konbit»?

El konbit representa un colectivo comunitario arraigado en la sociedad haitiana y compuesto por los propios ciudadanos haitianos. Del criollo haitiano, konbit se traduce como «trabajar juntos» o «cooperación». Estos colectivos se forman en diversas circunstancias y cumplen diversos propósitos que son esenciales para apoyar los medios de vida de los haitianos. Por ejemplo, los konbit pueden emplearse para facilitar la recuperación tras desastres naturales, funcionar como instituciones financieras independientes o, como es más conocido, para desarrollar la sociedad agrícola. A través de los konbit, los haitianos combinan sus esfuerzos individuales para trabajar en pos de un objetivo común y lograrlo con éxito.

La práctica del konbit en sí misma tiene su origen en África Occidental, de donde provienen las raíces ancestrales de muchos haitianos. En África Occidental, la mayoría de las personas se ganaban la vida cultivando la tierra. Sin embargo, dada la extensión de las tierras, la agricultura requería una gran cantidad de tiempo, recursos y energía.

A menudo, el trabajo de una sola familia no bastaba para realizar las tareas necesarias para cultivar la tierra. Como resultado, las sociedades africanas respondieron a este problema estableciendo formas cooperativas de trabajo. Estos sistemas comunitarios no solo brindaban una ayuda fundamental, sino que también ponían de manifiesto un sentido de solidaridad y apoyo mutuo que sirvió de base para las prácticas de la esclavitud y más allá. Esta práctica se trasladó al Caribe como resultado de la trata transatlántica de esclavos. Los africanos occidentales trajeron consigo sus costumbres de trabajo comunitario, las cuales se convirtieron en un componente central de los medios de vida caribeños, especialmente en Haití. Estos colectivos a menudo no solo involucraban a las propias personas, sino también música, ritmo y bebidas para fomentar la colaboración. Tras el fin de la esclavitud en el Caribe, muchos caribeños se convirtieron en agricultores. Con esta transición laboral, se desarrolló la práctica del konbit, que se convirtió en un componente integral de la estructura de la sociedad haitiana y en la base de sus esfuerzos de movilización.

Al igual que en sus orígenes, el konbit existe principalmente en la sociedad agrícola de Haití, donde los agricultores recurren a los esfuerzos combinados de otros para cultivar sus tierras. Haití ha estado sufriendo la degradación del suelo como resultado de la explotación económica de los recursos naturales por parte de organizaciones extranjeras. Esto plantea un problema crítico, ya que el suelo representa un recurso natural valioso en Haití, particularmente para la población rural de bajos recursos. La degradación del suelo amenaza la producción de cultivos y, en última instancia, compromete las prácticas agrícolas fundamentales. En respuesta, los haitianos forman konbits que consisten en múltiples

propietarios que se encargan de cuidar las tierras de cada miembro del grupo. Los agricultores se organizan de manera independiente para la producción de cultivos y las tareas que requieren mucha mano de obra. Esta práctica permite deshierbar y cosechar de manera eficiente sin incurrir en gastos adicionales relacionados con la contratación de trabajadores. En este sentido, el konbit sigue siendo un componente esencial de la agricultura haitiana y una práctica habitual en Haití.

Hoy en día, las tradiciones del konbit han evolucionado, convirtiéndose en un elemento fundamental para los esfuerzos y movimientos de movilización modernos. Instituciones como «Gwoup Konbit» y «Roots of Development» utilizan la práctica del konbit para defender los derechos de los haitianos y promover el desarrollo impulsado por la comunidad. La propia «Gwoup Konbit» sirve para movilizar a los miembros de la comunidad y a líderes mundiales con el fin de crear espacios donde se puedan compartir recursos y oportunidades valiosas para facilitar el cambio social. La organización se enorgullece no solo de preservar las tradiciones del konbit, sino también de aprovechar sus propiedades colaborativas para servir al mundo. Con las lecciones derivadas del konbit, la organización ha elaborado una guía que presenta el konbit como una tradición haitiana de acción colectiva y movilización. A medida que el konbit ha cobrado nueva vida en un ámbito que va más allá de su propósito inicial de trabajo agrícola, sigue existiendo hoy en día para resaltar el impacto de la colaboración, convocar a los miembros de la comunidad a la acción decisiva y amplificar aún más las voces de quienes no son escuchados.

Como se ha ilustrado, el konbit representa una costumbre fundamental que sirve para fortalecer y dotar a Haití de esfuerzos cooperativos. Con raíces en África Occidental, el konbit ha evolucionado hasta convertirse en una parte integral del trabajo y la sociedad haitianos. A través de esta práctica, los haitianos continúan mostrando una poderosa demostración de resiliencia, un elemento central para resistir el colapso del gobierno. Más allá de cumplir objetivos exclusivamente para apoyar el trabajo agrícola, el konbit se aplica en la ayuda ante desastres naturales e incluso en instituciones financieras de apoyo. Este enfoque revela la capacidad de los haitianos para movilizarse de manera independiente y generar soluciones, lo que sirve como un paso fundamental hacia la reconstrucción del Estado colapsado.

Ki Sa Konbit ye? What is “Konbit”?

Konbit represents a community-based collective embedded in Haitian society composed of Haitian citizens themselves. From Haitian Creole, konbit translates to “working together” or “cooperation”. These collectives form under a variety of circumstances and serve various purposes that are essential to supporting the livelihoods of Haitians. For example, konbit can be employed to facilitate natural disaster restoration, serve as independent financial institutions, or most commonly known, to cultivate agricultural society. Through konbit, Haitians effectively combine their individual efforts to work towards and successfully complete a common goal.

The practice of konbit itself originates from West Africa where many Haitians obtain ancestral roots. In West Africa, most individuals established a living through farming the land. However, given the size of the land, farming took an extensive amount of time, resources, and energy. Often, the work of one family could not fulfill the work necessary to cultivate the land. As a result, African societies responded to this issue by establishing cooperative forms of labor. These communal systems not only provided critical assistance, but also exhibited a sense of solidarity as well as mutual support that served as the foundation to enslaved practices and beyond. This practice transferred to the Caribbean as a result of the Transatlantic Slave Trade. West Africans brought with them their customs of communal labor which has developed into a central component of Caribbean livelihoods, especially in Haiti. These collectives often not only
involved the individuals themselves, but music, rhythm and beverages to encourage collaboration. After the end of slavery in the Caribbean, many Caribbean people became farmers themselves. With this transition of labor, the practice of konbit developed, becoming an integral component to the structure of Haitian society and the basis of their mobilization efforts.

Similar to its roots, konbit exists mainly in Haiti’s agricultural society, where farmers elicit the combined efforts of others to cultivate their farm land. Haiti has been experiencing soil degradation as a result of economic exploitation by foreign organizations of natural resources. This poses a critical issue as soil represents a valuable natural resource in Haiti, particularly for the rural poor. Soil degradation threatens the production of crops and ultimately compromises foundation agricultural practices. In response, Haitians form konbit which consist of multiple owners that work to tend each group member’s land. Individual farmers independently mobilize for the purpose of crop production and labor-intensive tasks. This practice accomplishes weeding and harvesting crops efficiently without acquiring additional expenses associated with hiring laborers. Konbit in this regard remains an essential component of Haitian agriculture and a
standard practice in Haiti.

Today, the traditions of konbit have evolved, becoming instrumental to modern mobilization efforts and movements. Institutions such as “Gwoup Konbit” and “Roots of Development” use the practice of konbit to advocate for Haitians, and promote community-led development. “Gwoup Konbit” itself serves to mobilize community members and global leaders to establish spaces where valuable resources and opportunities can be shared to facilitate social change. The organization prides itself not only in preserving the traditions of konbit, but harnessing its collaborative properties to serve the world. With lessons derived from konbit, the organization has cultivated a guide that illustrates konbit as a Haitian tradition of collective action and mobilization. As konbit has been revived in a capacity that outweighs its initial purpose of agricultural labor it continues to exist today to emphasize the impact of collaboration, to call community members towards decisive action, and to further amplify the voices of the unheard.

As illustrated, Konbit represents a foundational custom that serves to strengthen and supply Haiti with cooperative efforts. With roots in West Africa, konbit has evolved to become an integral part of Haitian labor and society. Through this practice, Haitians continue to exhibit a powerful display of resiliency – an element central to withstand government collapse. Extending far beyond accomplishing objectives solely to support agricultural labor, Konbit exists in natural disaster relief and even supportive financial institutions. This approach reveals the ability of Haitians to independently mobilize and cultivate solutions – serving as the pivotal stepping stone towards rebuilding the collapsed state.